Christophe Leroy - Apwoche lyrics

Apwoche vin antoure tab la

Nouriti a pare, vin manje ou, ou, ou ou, ou, ou.

Sonje byen lè w manje nan pen sa

Wa va genyen lavi nèt ale. Apwoche! Apwoche.

1-Granmèt la bay. Pitit li se vin pran.

Li pap bay tonn pou l kite yon lòt.

Se pou tout moun kè kpntan, kè poze

Pwoche bò tab la. pa rete nan kwen pòt. APWOCHE


2-Granmèt la la nan losti byen vivan

Lè n resevwa l, li nouri lafwa nou.

Ak lafwa vre nou ta kap rete van

Tankou Jezi Kri te fè tanpèt la dou. APWOCHE


3-M tande yon vwa, se vwa Granmè la menm

Li rele mwen pou l kap pran swen mwen.

Ala renmen bon papa ou ren men m

Kit mwen peche ou lonje men ba mwen. APWOCHE


4-Reyèlman vre, se bèl bagay tout bon

Kot frè ak sè ansanm ap pataje.

Se yon plezi k touche kè jouk nan fon

Vini! Vini! Ansanmvin pataje. APWOCHE






No comments:

Post a Comment